Kowonaviris (covid-19) : Leta dwe devlope yon estraji kominikasyon ijans (EKI)

Partager

Kowonaviris (COVID-19) la fè anpil pale nan lemonn antye e nan peyi dayiti li sèvi kòm okazyon pou popilasyon jete fwistasyon l sou move kalite sistèm sante peyi a ap fè fas depi dik dantan. Sitiyasyon sa agrave pi plis lè n konsidere mank enfrastrikti sanitè, mank pèsonèl sante, mank ekipman, fòmasyon ak materyèl adapte elatriye pou pèmèt nou fè fas a yon gwo kriz ki mete lemonn tetikler anba. Malè pandje sa bay gwo lapèrèz. Sepandan, yon bon estraji kominikasyon ijans (EKI) ki chita sou 3 wòch dife sa yo kapab ede n limite kèk pèt ak dega :

1- Preparasyon
2- Entèvansyon
3- Rekiperasyon

Tout aksyon yo dwe tounen otou eleman sa yo jiskaske kriz la pase. Sa ap ede nou makonnen tout aktivite yo nan lide pou nou byen reponn ak ijans lan. Fòk gen yon bon potwokòl kominikasyon, sa vle di relasyon ak responsabilite pati ki konsène pa aksyon ak desizyon ki dwe pwan. Anndan plan sa, fòk leta devlope yon rapò klè kou dlo kòk ak medya yo ki la pou enfòme popilasyon an, etabli bon jan kontak ak gwoup ak kominote yo tankou lekòl, legliz, lakou elatriye e an menm tan tou rive sou moun ki pi vilnerab yo pa mwayen otorite lokal yo. A travè plan sa, se pou leta asire l ke mesaj yo al jwenn popilasyon an pa tout mwayen kominikasyon ki ekziste yo tankou radyo, televizyon, entènèt, rezo sosyal, yon fason ki klè, senp e nan lang li ka konprann. Li enpòtan tou pou kominikasyon an pa fèt nan yon sèl sans. Sa vle di pou se pa leta sèlman k ap pale san l pa koute popilasyon an. Dwe gen mwayen ki devlope pou analize enpak aktivite ak mesaj yo. 

6 bagay pou konsidere nan yon estrateji kominijasyon ijans (EKI) :

1- Analize sa w ap bezwen
2- Mete tout pati ki konsène yo (leta, sektè prive, gwoup nan sosyete sivil, patnè entènasyonal ak inivèsite) ansanm
3- Prepare estrateji kominikasyon ijans (EKI) a ansanm ak pati konsène yo
4- Pataje e fè konnen estrateji (EKI) a
5- Kòmanse ekzekite estrateji (EKI) a 
6- Evalye epi adapte estrateji (EKI) a si sa nesesè.

Kèk aksyon ki ka poze nan kad estrateji EKI a :

  • Monte yon selil kominikasyon ijans
  • Defini pwotokòl ak responsabilite chak pati
  • Fòme tout moun k ap pale nan non leta ak gouvènman an
  • Mete kèk espesyalis sante piblik ki pou patisipe nan emisyon radyo ak tele yo
  • Kreye ak pataje mesaj an kreyòl ak franse ki chita sou sa lasyans di nan fòma tèks, odyo ak videyo sou tout platfòm entènèt ak rezo sosyal yo
  • Mete yon liy ijans kote sitwayen yo ka rele sizoka yo nan bezwen
  • Kominike mesaj alèt bay operatè telefòn yo (Digicel ak Natcom) pou voye sou telefòn tout itilizatè nan yon tan ak yon lè presi.

Lè n konsidere wòl ak enpòtans teknoloji yo, yon bon ekzekisyon plan estrateji kominikasyon ijans (EKI) a pa ka fèt san yon bòn itilizasyon yo.

Jean Marie Altéma, Enj.
Espesyalis teknoloji ak kominimasyon