Lèt tou louvri pou Direktè jeneral Lapolis la

Partager

Pòtoprens, jou ki 19 septanm 2018 la

Lèt tout louvri
Mesye Michel-Ange GEDEON
Direktè jeneral Lapolis

Direktè,

Mwen salye w. M ap pwofite atire atansyon w sou yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo kote kèk Polisye ta filme epi pibliye videyo yon jèn gason do touni ak yon jèn fi preske kò touni ak yon rad ki kouvri yon pati nan kòl ki te nan yon machin nan mitan lannwit. Videyo sa choke m anpil paske mwen konnen sa ka fè anpil tò ak moun yo, fanmi, zanmi ak paran yo. Menm lè yo ta fè atent a la pidè ki pini pa kòd penal nou an, men vi prive yo dwe respekte paske figi moun yo idantifye aklè nan videyo k ap sikile a, san konsantman yo. Dwa a vi prive a dwe respekte kèlke swa ran moun lan, laj li ak lajan li posede. M ap avwe ke kesyon Polisye yo t ap poze moun yo parèt korèk.

Li choke m kòm pwofesyonèl paske, nan ekzèsis travay li, pwofesyonèl la dwe rete kòrèk nan respè règ ak prensip yo. Li choke m kòm pwofesyonèl nan sektè nimerik la. Imaj sa yo ap fè tout tou rezo soysal yo. Li plis ke yon pinisyon. Se yon atent a vi prive moun yo, ki ale nan sal ak detwi karaktè yo sou entènèt ak rezo sosyal yo. Si yo se de pwofesyonèl, kijan kòlèg travay yo pral wè yo ? Si yo se etidyan kijan kamarad yo pral gade yo ? Pou konbyen tan imaj sa yo ap rete sou entènèt la ? Nan men kilès yo tonbe ? Ki itilizasyon moun ki genyen l yo pral fè de yo ? Se tout yon seri kesyon k ap rete san respons.

Direktè mwen konprann zouti nimerik yo vin pi aksesib chak jou, yo nan men tout moun. Men, sa pa vle di ke itilizasyon yo dwe fèt san kontwòl ak respè lavi prive moun. Prensip sou respè dwa moun yo dwe respekte nan itilizasyon k ap fèt de nenpòt ki zouti elektwonik.

Mwen se yon moun ki fè anpil pwomosyon pou itilizasyon responsab de entènèt ak rezo sosyal yo. Mwen konstate anpil deriv ap fèt pa moun ki responsab enstitisyon piblik kou leta. Pa gen limit ki mete ant sa ki angaje yo pèsonèlman ak sa ki angaje enstitisyon yo reprezante a. Gen moun ki kwè ke rezo sosyal yo fè plis tò ke byen, men mwen kwè ke sa depann de jan moun itilize yo a. Direktè, Lapolis la dwe pi vijilan ankò paske zak yo vini sou anpil ak yon pakèt fòm. Gen anpil move aksyon k ap kòmèt nan atake karaktè, sal imaj ak repitasyon moun e fè sikile rimè ak move enfòmasyon ki ka mete moun nan sitiyasyon malouk. Sa ki ka gen gwo konsekans sou sante mantal yo. Anpil chantaj, agresyon fèt tou sou kò fanm kou gason. Jèn kou vye. Gen travay ki pou fèt, men se ansanm.

Pou m fini Direktè, nou pa ka fè bak nan itilizasyon entènèt ak rezo sosyal yo. Men fòk tou moun nan tout sektè angaje yo pou ede nan edikasyon moun nan tan nimerik sa. Mwen konseye Lapolis travay epi pèmèt Polisye yo jwenn bon jan fòmasyon ki ka ede yo gen meyè konpòtman nan tan kote nimerik la jwenn yon plas nan vi yon bann ak pakèt moun an Ayiti.

Jean Marie ALTEMA
Espesyalis nan teknoloji nimerik