8 mas : Omaj a fanm

Partager

8 mas, tout fanm a lonè!Nan okazyon jounen mondyal fanm lan, mwen salye kouraj tout fanm k ap travay nan sektèteknoloji nimerik yo. Malgre prejije ak diskriminasyon, gen fanm ki te rive goumen pou kenbe flanbo metye syans ak teknoloji yobyen wo nan peyi a. Chapo ba!

Se pou jèn fanm ki konpetan jwenn menm chans ak gason nan metye ki gen awèak nimerik yo. Sa k ap ankouraje plis jèn fi toujou chwazi metye ki gen rapòak syans ak teknoloji.

Mwen ankouraje tout mounpwoteje imaj ak karaktèfanm sou entènèt ak rezo sosyal yo. Pa detwi, pa avili yo nan poste bagay ki pa fèonèyon sè, ak yon moun ki chèpou nou. 

Se pou tout AKTÈki konsène yo kreye bonjan kondisyon pou pèmèt zouti teknolji yo rive jwennfanm k ap viv nan plenn kou sa k ap nan mòn. Se pou yo jwenn fòmasyon pou sapèmèt yo amelyore lavi yo e jwi byenfè teknoloji yo.